Lanmou Ak Travay (LAKT)
 

Lanmou epi travay pou chanje lavi!

 
 
 Quand nos Aïeux brisèrent leurs entraves
Ce n’était pas pour se croiser les bras
Pour travailler en maîtres les esclaves
Ont embrassé corps à corps le trépas.
Leur sang à flots engraissa nos collines,
A notre tour, jaunes et noirs, allons!
Creusons le sol légué par Dessalines:
Notre fortune est là dans nos vallons.

Refrain:
L'indépendance est éphémère
Sans le droit à l'égalité!
Pour fouler, heureux, cette terre
Il nous faut la devise austère :
Dieu, le travail, la liberté! ...
 
(Oswald Durand)
 
/pics/Haiti4.jpg
 Lè zansèt nou yo te kase chèn yo, se pa te pou yo pran poz mèt, kwaze men gade zot kap travay di kom esklav. Men yo tout te mete men kot a kot jouk nan lanmo. San yo te rouze tout mon nou yo. Konnia se tou pa nou, ke ou te nwa ou milat! An nou travay tè sa Dessalines kite pou nou: Se la richès nou ye!
Indepandans pa ka dire lontan si tout mounn pa gen menm dwa! Pou gen kè kontan sou tè sa, pi gwo deviz nou dwe: Bondye, travay epi libète!... (Oswald Durand)


Bondye se Lanmou

Ou bezwen Bondye ak fos travay ou pou ka gen kè kontan sou tè sa. Libète se travay ki ba ou sa, parès pa bay, parese pa bouyi. Labib di si ou pa vle travay ou pa dwe manje (2 Tes 3:10) Mande Bondye pou li mete lanmou nan ke-w' pou-w renmen travay, natirèlman lanmou pou mounn tou. Li enpotan pou priye tankou li enpotan pou aji. Mande Bondye pou lespri li ka montre ou sa pou fè, yon fason pou pa pè komanse piti. Se piti ki mennen gwo e si ou bon nan jere ti bagay ou pare pou jere gwo. (Luc 16:10)
Ki mounn ou ye?
Si ou se mounn ki renmen travay, ki gen disiplin, ki kwè ke pa gen pwogre nan mande e ki ap chache bon opotinite, ou ka byen vini yon patnè ak nou. Klike isit la pou pale nou de ou.
Lanmou Ak Travay (LAKT)
Nou se yon oganizasyon ki pa kwè nan bay mounn pwason men nou kwè nan montre mounn kenbe pwason. Nou kwè nan tout antreprenè, nan mounn ki gen rèv, nan mounn ki vle travay, nan mounn ki renmen kreye ou ki vle kreye. Se sa peyi nou Ayiti bezwen pou li pran elan. Se pou sa nou lanse pwojè pilot sa nan Okap ak kèk lot zon nan depatman no pou nou ka ede mounn sa yo ki kalifye yo jwenn finansman ki ka rive jouk nan 10000 goud yon fason pou yo travay pou rèv yo tounen tout bon.
Nou kreye lot opotinite tou pou bay mounn travay, nou planifye e prezante seminè pou ankouraje kreyativite lakay chak Ayisyen pou yon jenerasyon tou nèf ki ka chanje la vi yo ak lanmou epi travay.
 
 
 
Lanmou Ak Travay (LAKT) - Lanmou epi travay pou change lavi!